Friday, September 25, 2015

Kote plan kandida yo? Par Stanley Lucas


Nan eleksyon Prezidansyèl sa eske nou konnen ke se sèlman 3 kandida sou 54 ki distribye plan detaye de devloman yo pou 2016-2021? 

Boss mason pa kapab konstwui san tiwèl e pastè pa kapab prèche san labib. Kandida pou Prezidan ki pa prezante plan pou 5 lane pral kraze peyi. Si ou pa gen plan ou sou blof! Kisa jounalis yo ap regle? 

Poukisa jounalis yo pa mande kandida pou Prezidan yo kopi plan yo pou 2016 rive 2021e poste plan sa yo sou website, paj Facebook e Twitter yo? Kijan yo pral chanje peyi a si pa gen plan? 

Kandida ki pibliye plan yo se Mathias Pierre, Sauveur Pierre Etienne et Jovenel Moise. Steven Benoit pibliye yon teks sou website li men se pa yon plan de devloman ke li ye. Oken lot kandida yo pa gen anyen. Maryse Narcisse nan yon enteviou ke li bay Haiti Libre pale d yon plan de ke li genyen men peson poko wel ki detay ki ladanl. Apa sa tout lot yo se voye monte. 

Nap tann plan yo pou analize yo ke prezante kisa ki serye andedan yo e kisa ki blof e pa serye.

Stanley Lucas



No comments:

Post a Comment